Atik Enewsletter Konsènan Rapèl Vaksen COVID-19
This resource has been archived.
Important note: This content is no longer current and is archived here for reference only.
It should not be downloaded and shared.
Bay vaksen COVID-19 pou pwoteksyon ou an yon boustè
Gen plis moun ki espere vwayaje ak pase tan andedan kay yo ak zanmi ak fanmi pandan sezon fèt sa a parapò ak ane pase. Men COVID-19 la toujou la ak nou. Epi ris pou trape viris la pi wo pou tout moun paske gen kèk varyan ki pi kontajye pase lòt.
Pou rete pi an sekirite sezon ivè sa a, pran vaksen COVID-19 ou a kou w kapab. Si w te deja pran tout vaksen w yo, pran vaksen rapèl ou a kou w kalifye.
Tout moun ki gen 5 làne oswa plis kapab pran yon rapèl vaksen COVID-19 kounye a.
- 5 mwa apre 2yèm dòz vaksen Pfizer-BioNTech oswa Moderna ou a; oswa
- 2 mwa apre ou pran dòz inik vaksen Janssen Johnson & Johnson ou a.
Se sèlman vaksen COVID-19 Pfizer-BioNTech la ki otorize pou moun ki gen 5 jiska 17 làne yo.
Vaksen COVID-19 la kontinye travay trè byen pou anpeche maladi grav, entène lopital, ak lanmò.
Ki kote w ap jwenn vaksen kont COVID-19 yo
Ou gen 3 fason pou w chèche kote yo bay vaksen tou pre kote w rete a gratis:
- Ale sou vaccines.gov
- Voye yon mesaj tèks ak kòd postal ou a nan 438829
- Rele 1-800-232-0233
Sonje pou w mache ak kat Dosye Vaksinasyon CDC COVID-19 ou a lè w ale pran vaksen rapèl ou a.
Pou w jwenn plis enfòmasyon
Ale sou cdc.gov/coronavirus oswa pale avèk yon pwofesyonèl swen sante.